Politik konfidansyalite
Dènye mizajou: oktòb 2026
1. Done nou kolekte
Nou kolekte sèlman sa ki nesesè pou livre kòmand ou yo: non, nimewo telefòn, adrès livrezon, pozisyon GPS (ak pèmisyon ou, lè w ap pase kòmand), ak istorik kòmand ou yo. Pou chofè ak machann: pyès idantite, lisans kondwi ak foto verifikasyon.
2. Sekirite tranzaksyon ou yo
Livrezon an mande kòd PIN 4 chif ou a ak yon foto remiz prive. Bay kòd la sèlman apre ou resevwa kòmand lan. MonCash, Natcash ak peman davans dyaspora poko konekte: pa voye lajan pou yon kòmand ak opsyon sa yo. Peman ki disponib se kach lè ou resevwa. Estati nan app la pa prèv transfè lajan ni yon sèvis ki kenbe lajan.
Pozisyon chofè yo
Ak konsantman yo, chofè yo pataje dènye pozisyon yo pandan yo disponib oswa nan yon livrezon aktif. Se chofè konsène a ak administrasyon sèlman ki ka wè l. App la kenbe sèlman dènye pozisyon an, pa yon istorik trajè. Paj chofè a dwe rete ouvè pou pataj la mache; chofè a ka dezaktive l. Pozisyon ki pa ajou yo make epi yo pa sèvi pou chèche chofè ki pre.
3. Pwoteksyon nimewo ou
Nimewo telefòn ou parèt pou chofè a sèlman pandan kous la ap fèt. Lè livrezon an fini, li pa gen aksè ankò. Dokiman idantite patnè yo estoke nan yon espas prive, separe de done piblik yo.
4. Sa nou pa janm fè
Nou pa janm vann done pèsonèl ou. Nou pataje enfòmasyon ou sèlman ak moun ki nesesè pou livrezon ou (machann ak chofè kòmand ou an). Nou pa janm mande kòb anplis deyò aplikasyon an.
5. Dwa ou yo
Ou ka mande pou w wè, korije oswa efase done ou nenpòt lè. Kontakte nou sou WhatsApp nan +1 438-465-4374 oswa pa imèl nan dashayiti@gmail.com.